top of page

Palmarès Mizik / Videyo Evanjelik – Jen 2025.

Jen 2025 make lansman plizyè mizik evanjelik ki, chak nan fason pa yo, tradui fado lavi a an lapriyè, an louwanj, oswa an temwayaj vivan.


Ant mizik ki pale de konfyans, ki mete aksan sou fidelite Bondye, ak lòt ki sèvi kòm sous rekonfò pou moun k ap soufri, nou jwenn vwa ki pa sèlman chante, men ki pale ak lespri.


Atik sa prezante 6 mizik ak videyo ki make sezon an, ak tout eleman ki ka ede w konprann ki valè mizik sa yo pote sou plan espirityèl, mizikal, e menm sosyal.


1. Solette Joseph Hyppolite  – “Yap Pase”

🗓️Soti 7 jen 2025


Nan “Yap Pase”, Solette pote yon mesaj fò pou kè k ap soufri. Li raple nou ke kriz yo, konplo yo, traka lavi yo pap dire pou tout tan. Bondye la, li wè, li konprann, epi li pare pou mete fen. Se yon mizik ki frape dwat nan sant lespwa nou.


Videyo a reyalize pa Koulè Kreyòl.

📌 Si w ap lite, mizik sa se pou ou sonje: anyen pap dire, Bondye ap mete fen.


2. Jeanette Clotere – “Li Fidèl”

🗓️Soti 10 jen 2025


Jeanette Clotere mete tout vwa li pou raple nou yon sèl verite: Bondye pap janm lage w. Fidelite Bondye pa gen dat ekspirasyon, e mizik sa vin tounen yon temwayaj vivan.


Videyo a reyalize pa Koulè Kreyòl.

📌 Yon mizik ki raple w ke ou pa janm pou kont ou.


3. Myrdith C. Melus   – “Ou Pap Manke Anyen”

🗓️Soti 11 jen 2025


Myrdith lage mizik sa a pou selebre anivèsè li, men li plis pase yon kado pou li, se yon kado pou tout moun ki bezwen tande pawòl espwa. Ou pap manke, ou pap manke, paske Bondye ap pran swen ou.


📌 Yon mizik pou chak fwa ou santi ou pa ase.


4. Ruth Lassègue Noël  – “Ou Pi Wo”

🗓️Soti 20 jen 2025


Avèk vokal ki sere lespri, Ruth chante grandè Bondye. “Ou Pi Wo” se pa yon ti fraz. Se yon verite ki chita sou chak eksperyans, chak batay, chak fwa lavi fè w doute. Bondye pi wo pase tout pwoblèm ou.


Videyo a reyalize pa Alexis Ecclésiaste

📌 Yon mizik ki leve kè, ki fè w retounen sou sans prensipal la: Bondye toujou gen dènye mo a.


5. THAMAR – “Sa’m Pat Espere a”

🗓️Soti 20 jen 2025


Avèk sansiblite ak senserite, THAMAR chante sou gras Bondye ki souvan depase sa nou panse nou merite. Li pale pou tout moun ki toujou santi yo two pèchè pou resevwa favè, e li montre ke menm lè w pat atann li, Bondye ka toujou frape pòt ou.


📌 Yon temwayaj an mizik sou jan Bondye ka fè saw pa espere a.


6. Joy Clerf Derisier & Wiliadel Denervil – “Mwen Jwenn li”

🗓️Soti 27 jen 2025


Yon kolaborasyon ki pote dousè, repons, e lapè. “Mwen Jwenn Li” pale de sa ou santi lè ou finalman jwenn Jezi, apre rechèch, doulè, ak chimen ki te san direksyon. Joy ak Wiliadel mete tout kè yo nan chante sa.


📌 Yon mizik pou kè ki bouke chèche limyè.


Mizik evanjelik Jen 2025 la se yon kado espirityèl ki pote mesaj espwa, kouraj, ak rekonfò. Chak mizik nan palmarès sa a sèvi kòm yon rapèl ke Bondye rete fidèl, ke li konn jan pou leve kè nou nan moman difisil, e ke lafwa toujou ka bay fòs pou kontinye. Kite mizik sa yo sèvi w kòm yon sous enspirasyon, yon ti limyè nan fènwa, e yon chemen pou rete fèm nan lafwa.


Redaksyon:

Vanauscheca Bouzy



Konsepsyon Grafik:

Jo-Flung Bouzy & Abdullah Mode



Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page