ONU di li pa kont itilizasyon dròn eksplozif kont gang yo.
- konektem info
- 18 mars
- 1 min de lecture
María Isabel Salvador, reprezantan espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an Ayiti, demanti enfòmasyon ki fè kwè ONU opoze ak itilizasyon dròn eksplozif kont gang ame yo. Li klarifye Nasyonzini pa gen okenn restriksyon sou sa, depi operasyon yo respekte kad legal ak dwa moun.
Deklarasyon sa a vini nan yon kontèks kote gang yo kontinye simen laterè, mete plizyè katye sou kontwòl yo, tankou Delmas 17, Delmas 19 ak Delmas 30, epi fòse plizyè santèn fanmi kite lakay yo. Nan sans sa a, Ministè Jistis la ankouraje pou li deklare gang ame yo kòm òganizasyon teworis, yon mezi ki t a ka ranfòse batay kont krim òganize epi fasilite koperasyon entènasyonal pou mete chèf gang yo anba kòd.
Comments