top of page

Nominasyon Nouvo Direktè Jeneral nan Tèt Enstitisyon Piblik yo.

Aprè plizyè mwa an atant, Konsèy Minis la finalman valide, mèkredi 12 fevriye 2025 lan, nominasyon plizyè direktè jeneral pou plizyè enstitisyon piblik kle nan peyi a.


Daprè arete ki adopte a, Serge Colin ap dirije Fonds d’Assistance Économique et Sociale (FAES), pandan ke Ronald Bazile pran tèt Office National d’Assurance-Vieillesse (ONA). Pierre Raymond André ap jere Office d’Assurance Véhicules Contre Tiers (OAVCT), epi Hugues Prévillon pran rèn Conseil National des Télécommunications (CONATEL).


Nan lòt enstitisyon yo, Vikerson Garnier pran direksyon Office d’Assurance Accidents du Travail, Maladie et Maternité (OFATMA), pandan ke Sterline Civil ap mennen Fonds National de l’Éducation (FNE). Yves Ducarmel, li menm, ap dirije Autorité Aéroportuaire Nationale (AAN).


Gouvènman an mete aksan sou nesesite pou rann  administrasyon piblik la dinamik ankò, atravè chanjman sa yo. Arete nominasyon sa yo deja voye nan Imprimerie Nationale pou piblikasyon ofisyèl yo. Rete pou nou wè kijan nouvo ekip sa a ap pote transfòmasyon nan jesyon enstitisyon yo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page