top of page

Minis Jistis la Kondane Zak Atak Bandi yo kont Avyon ak Ayopò Pòtoprens.

Madi 12 novanm 2024 la, Mèt Carlos Hercule, minis Jistis ak Sekirite Piblik la, pran pozisyon fas ak atak zam k ap frape Ayiti. Minis la kondane avèk fòs sa li konsidere kòm yon zak "teworis" kote gwoup bandi ki fè pati "VIV ANSANM" yo atake de (2) avyon komèsyal toupre Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture lendi pase a.


Dapre Mèt Hercule, atak sa a mete lavi Ayisyen ak etranje yo an danje epi genyen gwo konsekans sou aktivite vwayaj an Ayiti. "Zak sa a se yon menas dirèk sou sekirite nasyonal nou ak estabilite rejyonal la," minis la fè konnen. Akòz zak vyolan sa yo, tout vòl nasyonal ak entènasyonal yo sispann, sa ki vin agrave sitiyasyon difisil fanmi yo nan peyi a.


Minis la fè apèl bay fòs sekirite yo pou pran mezi serye epi konbat kriz sa a. Li mande pou retabli sekirite, sitou nan kapital la ak nan zòn vwazen yo, pou pèmèt aktivite ekonomik ak sosyal yo reprann san kè sote.

Comentarios

Obtuvo 0 de 5 estrellas.
Aún no hay calificaciones

Agrega una calificación
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page