top of page

MENFP bay yon dènye delè pou enskripsyon egzamen 9yèm ane yo.

Malgre plizyè apèl deja fèt, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) anonse li oblije pwolonje ankò dat limit enskripsyon pou egzamen ofisyèl 9yèm ane fondamantal yo. Dapre nòt ofisyèl ministè a, direktè lekòl yo gen jiska 2 jen 2025 pou mete dosye elèv yo ajou.


MENFP fè konnen gen anpil lekòl, kit se nan sektè piblik oswa prive, ki poko finalize dosye enskripsyon yo. Se poutèt sa, ministè a lanse yon apèl pou plis responsablite ak vijilans, ni bò kote direktè lekòl yo, ni bò kote paran ak elèv yo. Modalite yo pa chanje: 1 500 goud pou chak elèv, depo fich pèyman an nan Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE), epi validasyon lis kandida yo sou platfòm MENFP lan.


Ministè a mete aksan sou sa kòm dènye chans pou regilarize sitiyasyon an. Apre dat 2 jen an, okenn lòt enskripsyon p ap aksepte. MENFP di li rete angaje pou l òganize egzamen yo nan onètete ak transparans, paske se pa ti enpòtans egzamen sa yo genyen pou avni elèv yo.


Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page