Martine Moïse mande Prezidan Trump pou deklasifye ankèt sou lanmò Mari l, Jovenel Moïse.
- konektem info
- 10 févr.
- 1 min de lecture
Nan yon mesaj sou rezo sosyal X, Martine Moïse mande Donald Trump deklasifye dokiman FBI ak Depatman Deta ameriken sou asasinay mari li, ki te fèt jou ki te 7 jiyè 2021 an. Daprè li, Jovenel Moïse te viktim poutèt li te vle fè refòm ekonomik epi konbat koripsyon nan rejim oligak yo, an Ayiti. Li estime responsab krim nan se sila ki kontwole pouvwa egzekitif ak lajistis an Ayiti, epi yo sèvi ak gang pou kenbe pouvwa yo nan peyi a.
Ansyen Premyè Dam nan mande pou yon Premye Minis nonmen, dapre atik 149 Konstitisyon an, pou retabli lòd ak demokrasi nan peyi a. Nan mesaj li a, li trase yon paralèl ant Trump ak mari li, li di tou de (2) viktim difamasyon ak tantativ asasina poutèt yo te chache mete fen nan koripsyon. Li fè apèl ak plizyè pèsonalite enfliyan, tankou Elon Musk, Marco Rubio, Tucker Carlson, Joe Rogan ak Melania Trump, pou yo soutni batay li pou verite ak jistis.
Dènye apèl pou lajistis Martine Moïse lan mete ankò sou tab la yon dosye ki vrèman sansib ak entrigan . Malgre arestasyon plizyè sispèk, okenn gwo figi politik oswa biznis pa janm enplike ofisyèlman. Anpil sektè panse dosye sa a divize opinyon piblik ayisyèn ak entènasyonal, pandan sistèm jistis la fè konnen li toujou ap lite pou idantifye ak pousuiv otè entelektyèl yo.
Comments