top of page

Marjorie Michel: Yon kanadyèn dorijin Ayisyèn ranpòte eleksyon pou vin Depite nan Papineau, Peyi Kanada.

Jou ki te Lendi 28 avril 2025, nan eleksyon pasyèl nan Peyi Kanada a, make avèk yon nouvèl istorik pou kominote ayisyèn nan: Marjorie Michel, yon Kanadyèn ki gen rasin ayisyèn, ranpòte viktwa kòm depite federal nan sikonskripsyon Papineau, Monreyal, sou banyè Pati Liberal la. Li se premye fanm ayisyèn ki eli nan nivo sa a nan zòn sa.


Prezans Marjorie nan batay sa a te gen gwo pwa senbolik. Li te deja sèvi kòm chèf adjwen nan kabinè, e li gen yon bèl eksperyans nan zafè politik ak sèvis piblik. Viktwa li, avèk plis pase 52% vòt yo, montre yon angajman solid popilasyon Papineau pou kontinye mete konfyans yo nan lidèchip fanm sila


Marjorie Michel se pitit ansyen Premye Minis Ayisyen Smarck Michel, e li pote ak li eritaj lidèchip, devouman ak konpetans. Li posede yon diplòm inivèsitè nan sikoloji sosyal ak òganizasyonèl (Université de Louvain, Bèljik) epi li gen yon tras solid nan fonksyon piblik, tankou direktris kabinè ministeryèl, atache politik, ak militan pou dwa fanm.


Nan kontèks kote divèsite ap chèche plas li pi plis nan politik Kanadyen an, eleksyon Marjorie Michel la se yon gran pa. Li montre kijan kominote ayisyèn nan kontinye ap make prezans li nan espas desizyonèl, ak kijan jèn fanm ka leve tèt yo wo, menm nan mitan sistèm ki souvan pa bay yo plas fasil.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page