Marine Le Pen Kondane pou Detounman Lajan Piblik nan Lafrans.
- konektem info
- 31 mars
- 1 min de lecture
Tribinal fransè yo deside : Marine Le Pen koupab pou detounman lajan piblik nan dosye ki gen rapò ak asistans palmantè Rassembleman National la. Kondanasyon sa a, pou 2zan prizon, rive apre plizyè ane ankèt sou fason fon ki te destine pou asistans nan Palman Ewopeyen an te mal itilize.
Desizyon sa a kapab gen gwo konsekans politik, sitou pou lavni Le Pen ak pati li a, ki kontinye ap eseye mete tèt li kòm yon fòs dominan nan politik fransè ak ewopeyen an. Rete pou wè ki jan sa pral afekte kous politik la ak opinyon piblik la.
Comentários