Marin amerikèn deplwaye nan Pòtoprens pou sekirize anbasad Etazini.
- konektem info
- 1 sept.
- 1 min de lecture
Jodi premye septanm 2025 lan, Yon kontenjan Marin ameriken rive nan kapital la pou ranfòse mezi sekirite nan anviwon Anbasad Etazini an, an Ayiti. Misyon sa a gen pou objektif pwoteje pèsonèl diplomatik yo, asire woulman fòs ki deja sou plas yo, epi bay sipò ni ak Polis Nasyonal Ayiti (PNH) ni ak MMSS la.
Malgre deplwaman sa a, Anbasad la fè konnen li rete operasyonèl pou ijans yo, menm si pòt li yo te fèmen tanporèman akoz fèt Travay Ozetazini ki selebre nan menm jou a.
Mouvman sa a vini nan yon kontèks kote dosye sekirite a rete yon gwo defi pou popilasyon an, tandiske prezans Marin ameriken yo montre volonte gouvènman ameriken an pou kontinye garanti pwoteksyon reprezantan li yo nan peyi a.
Commentaires