top of page

Luis Abinader klase gang Viv Ansanm yo kòm “òganizasyon teworis".

Prezidan dominiken an, Luis Abinader siyen yon dekrè pou klase gang ame ayisyen yo kòm “òganizasyon teworis”. Li fè anons sila yè jedi 27 fevriye 2025 lan, pandan l t ap prezante senkyèm rapò responsablite li devan Asanble Nasyonal Dominikèn.


Ak desizyon sa a, nenpòt moun ki gen lyen ak gang sa yo epi ki eseye antre nan Repiblik Dominikèn ap pousuiv dapre lwa antiteworis peyi a.

Abinader jistifye mezi sa a lè li mete aksan sou inaksyon kominote entènasyonal la devan kriz sekiritè ki kontinye agrave an Ayiti. Daprè li, gouvènman l ap dirije a oblije pran dispozisyon pou pwoteje teritwa dominiken an.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page