top of page

Lionel Messi pral resevwa "Médaille présidentielle de la Liberté" nan men Prezidan Joe Biden.

Jodi Samdi 4 janvye 2025 lan, Prezidan Etazini Joe Biden ap onore Lionel Messi ak "Médaille présidentielle de la Liberté", ki se pi gwo distenksyon sivil nan peyi Etazini. Messi, ki deja gen uit Balon dò epi ki se yon jwè aktif nan klèb Inter Miami, pral resevwa distenksyon sa a pou kontribisyon ekstrawòdinè li nan domèn espò mondyal la.


Nan menm seremoni an, ansyen vedèt baskètbòl Magic Johnson ak 17 lòt figi remakab nan kominote ameriken an pral jwenn menm onè a. Distenksyon  sa a se yon rekonesans pou moun ki fè gwo kontribisyon nan domèn yo epi ki gen yon enpak pozitif nan sosyete a.


Seremoni an ap make yon moman istorik, kote Messi, yon jeni nan foutbòl, ap ajoute yon lòt chapit nan karyè li, ki deja chaje ak anpil rekonesans entènasyonal.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page