top of page

Lionel Messi jwe dènye match li ak mayo Ajantin nan sou teritwa Peyi natal li.

Lionel Messi fè dènye aparisyon li nan peyi Ajantin ak seleksyon nasyonal la, nan yon match kalifikasyon "Coupe du monde 2026", kont Venezyela (3-0). Nan estad El Monumental la, foul la leve kanpe pou salye zetwal la, ki make 2 gòl pou selebre dènye fwa l ap jwe lakay li.


Depi nan dènye rechofman l sou teren an, emosyon an te fò. Messi te parèt ak dlo nan je, li chante im nasyonal la ak twa pitit gason l yo, pandan piblik la t ap aplodi  l san rete. “Fini konsa, se yon rèv mwen te toujou genyen,” se deklarasyon li apre match la.


Nan 194 match li ak Ajantin, Messi make 114 gòl ak 61 pas desizif. Avèk Albiceleste la, li ranmase tout gwo tit yo: "Coupe du monde", Copa America, Finalissima, Mondyal U20 ak yon meday annò Olenpik. Yon eritaj ki pap janm efase nan foutbòl.


Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page