top of page

Lapolis rive libere 16 moun ki te kidnape depi Plizyè jou.

Lapolis  mennen yon operasyon ayè madi apremidi nan lokalite Corvette, Docco, Grojan ak Lakou New-York, kote yo  libere 16 moun  gang Kraze Baryè te kenbe an otaj depi dimanch 9 fevriye. Dapre pòt pawòl adjwen PNH la, Lionel Lazarre.


Daprè otorite yo, operasyon an te fèt a 5è30 apremidi epi li antre nan kad jefò polis la ap miltipliye pou reprann kontwòl  zòn ki anba men gang yo. Sepandan, Lionel Lazarre pa konfime si gen pèt nan kan bandi yo pandan entèvansyon sa a.


Malgre PNH la deklare li gen moun, ekipman ak materyèl nesesè, anpil sektè mande poukisa li poko rive reprann zòn ki anba kontwòl gang yo. Pandan lapolis kontinye operasyon li yo, popilasyon an rete ap tann rezilta konkrè pou rekipere espas pèdi yo epi retabli sekirite nan peyi a.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page