top of page

Lapolis anonse yo reprann kontwòl zòn Makako apre atak gang yo.

Ayè Madi 7 Janvye a, Yon operasyon Lapolis Nasyonal Ayiti (PNH) mennen madi nan Makako, yon lokalite nan komin Kafou ki pa two lwen ak Tara’s,  pèmèt yo reprann kontwòl espas kote operasyon an te fèt la, apre gwo echanj kout zam ak gang « Viv Ansanm » yo. Dapre otorite yo, kriminèl yo te eseye anvayi zòn nan ankò, men polisye yo te rive netralize plizyè nan yo.


Nan yon kominike, PNH la fè konnen yo rive sekirize zòn nan jiska legliz Saint-Roc, yon gwo viktwa nan lit kont gang yo. Pandan operasyon an, lapolis  sezi yon pick-up gang yo t ap  itilize nan kad aktivite kriminèl yo.


Pòt pawòl adjwen PNH la, Lionel Lazarre, raple angajman fòs lòd yo pou pwoteje zòn ki pi frajil yo, tankou Tara’s ak Tomasen. « Operasyon nou yo ap kontinye san rete pou n garanti sekirite sitwayen yo », li deklare.


Rekiperasyon zòn Makako a montre detèminasyon otorite yo pou bloke ekspansyon gang yo, malgre difikilte ensekirite peyi a ap fè fas.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page