top of page

Lamine Yamal siyen pou l Jwe nan Baselòn jiska 2031.

Jèn zetwal Lamine Yamal, ki gen sèlman 17 lane, siyen pou l rete nan klèb FC Baselòn jiska mwa jen 2031.


Dapre Foot Mercato, ajan jwè a, Jorge Mendes, negosye yon nouvo kontra ki gen yon salè anyèl estime a 15 milyon ewo, e ki ka monte jiska 20 milyon ak bonis. Klèb la pa bay detay sou kloz liberasyon an, men li t a toujou fikse a 1 milya ewo, yon siy  Baselòn mete tout konfyans li nan jèn atakan sa a.


Pwolongasyon sa a montre jan Lamine rete fidèl ak klèb ki fòme li a. An menm tan, FC Barcelone voye yon mesaj fò: ekip la ap bati avni l sou do jèn sa a, yo deja konpare ak Lionel Messi. Se li ki vin tounen senbòl lespwa pou relans ekip katalan an sou sèn Ewopeyen an.


Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page