Lameri Petyonvil entèdi tout aktivite kanaval pou Peryòd Kanavalès ane 2025 sila.
- konektem info
- 7 févr.
- 1 min de lecture
Fas ak sitiyasyon sekiritè a ki kontinye degrade, Meri Petyonvil deside anile tout fèt kanaval pou ane sa a. Dapre yon kominike ki pibliye 5 fevriye, okenn parad rara ni gwoup a pye p ap otorize defile nan lari komin nan. Otorite yo avèti tout moun ki vyole desizyon sa ap sibi sanksyon sevè.
San yo pa bay detay sou menas ki egziste yo, responsab minisipalite a mete aksan sou nesesite pou pwoteje popilasyon an kont risk ki makonnen ak sitiyasyon aktyèl la. Desizyon sa a tonbe nan yon kontèks kote ensekirite ak tansyon sosyo-politik deja pouse plizyè lòt vil an Ayiti anile selebrasyon kanaval yo.
Daprè Meri a, tout moun ki chwazi pa respekte entèdiksyon sa ap ekspoze yo anba arestasyon epi peye yon amann 150 000 goud. Otorite yo mande sitwayen yo pou yo fè prèv responsablite epi respekte mezi sa yo. Rete pou nou wè si popilasyon an ap konplètman suiv desizyon sa a, espesyalman lè nou konnen kanaval se yon eleman fondamantal nan tradisyon kiltirèl ayisyen an.
Comments