top of page

Kout Zam sou Campus Florida State University : 1 Moun Mouri, 6 Blese.

Nan mitan jounen yè jedi 17 avril 2025, zak vyolans frape zòn Tallahassee, Florida, kote Florida State University twouve l. Dapre nouvèl ofisyèl, yon moun pèdi lavi l, epi 6 lòt blese pandan yon sèn panik ki pete sou campus la.

Tallahassee Memorial HealthCare konfime  y ap pran swen blese yo. Pami moun ki lopital, gen yon gason otorite yo idantifye kòm sispèk prensipal la, li ta menm moun ki te louvri kout zam nan zòn inivèsite a.


Lapolis ak lajistis deja sou plas, pou mennen ankèt pandan y ap rasanble tout detay sou sa ki te pase a. Jiskaprezan, okenn lòt enfòmasyon ofisyèl pa soti sou idantite moun ki mouri a ni lòt blese yo.

Nan yon mesaj li pataje sou kont Twitter/X li, Gouvènè Florida a, Ron DeSantis, voye mo rekonfò ak solidarite pou inivèsite a, fanmi viktim yo, ak kominote Tallahassee a.

Comentarios

Obtuvo 0 de 5 estrellas.
Aún no hay calificaciones

Agrega una calificación
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page