top of page

Kou Dapèl nan Pòtoprens Anile manda Konparisyon pou 3 Konseye Prezidan yo.

Lajistis an Ayiti kontinye ap fè bak devan gwo palto! Kou Dapèl Pòtoprens deside mete fren sou manda konparisyon jij Benjamin Félismé te bay kont Smith Augustin, Emmanuel Vertillaire ak Louis Gérald Gilles, twa (3) konsèyè-prezidan ki enplike nan dosye koripsyon nan Bank Nasyonal Kredi (BNC). Rezon ki jistifye desizyon sila a, se paske yo gen yon "privilèj jiridiksyon", sa vle di yo twò wo pou yo parèt devan tribinal òdinè.


Men gen yon ti pwoblèm: gran tribinal ki t a dwe jije yo pa egziste! Sa vle di, pa gen okenn kote pou dosye yo fini. Yon bèl echapatwa legal. Pandan twa (3) mesye sa yo sove anba men lajistis, Raoul Pascal Pierre-Louis ak Lornick Léandre, yo menm, rete sou lis moun ki dwe reponn kesyon devan jij la.


Ansanm Desizyon sila yo louvri pòt pou plizyè kesyon, tankou "Èske sa se yon viza pou koripsyon kontinye fleri san okenn konsekans? " Èske lajistis pou tout moun nan senpman rete yon ekspresyon nan gwo liv?, pou n poze sa yo senpman.

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page