top of page

Kou Dapèl Pòtoprens relouvri dosye zam ki te sezi nan Port Caribbean Service.

Kou Dapèl Pòtoprens anile lendi sa a desizyon jij enstriksyon Marthel Jean Claude te pran, an septanm 2023, nan dosye zam ki te sezi nan konpayi Port Caribbean Service la. Desizyon sa a relouvri ankèt la epi mete ankò sou vizè prèt episkopal Fritz Désiré ak Frantz Cole, ki te deja blanchi anba akizasyon yo.


Nan desizyon li, Kou Dapèl la pale sou « grav iregilarite » ki te fèt pandan premye faz ankèt la. Li bay lòd pou relouvri dosye a epi konfye li bay jij enstriksyon Noé Masillon Pierre pou mennen nouvo faz envestigasyon. Dosye a sòti depi jiyè 2022, lè otorite ayisyen yo te mete men sou yon kontenè ki te soti Etazini.


Dapre sa yo te jwenn ladan l, te gen 18 zam otomatik, plis pase 14,600 katouch, 140 chajè ak 50,000 dola an fo bòdwo. Kagezon sa a te rantre nan peyi a sou non franchiz ladwàn Legliz Episkopal Ayiti, sa ki te lakòz gwo eskandal.

Nan epòk sa a, plizyè manm legliz la, tankou Fritz Désiré ak Frantz Cole, te arete oswa te gen manda dèyè yo. Men, an 2023, jij Marthel Jean Claude te mete sou kote akizasyon ki te sou kont prèske 15 moun, li te di pa gen ase prèv pou voye yo devan tribinal kriminèl.


Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page