top of page

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ak Anbasadris Swis la Diskite sou Ranfòsman Relasyon Ayiti ak Swis.

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (CPT) an te resevwa, jedi 24 oktòb 2024 la, vizit Anbasadris Swis akredite an Ayiti, Rita Hämmerli-Weschke. Rankont sa a te fèt ak Leslie Voltaire, Prezidan CPT a, ki te akonpaye avèk senk (5)lòt konseye prezidan.

Diskisyon yo te santre sou amelyorasyon kolaborasyon ant de (2) peyi yo, ak yon angajman pou ranfòse relasyon bilateral yo. Prezidan Voltaire ak Anbasadris Hämmerli-Weschke te abòde plizyè sijè enpòtan ki gen rapò ak devlopman sosyal ak ekonomik Ayiti.


Reyinyon sa a make yon nouvo etap nan angajman CPT ak gouvènman swis la, ak objektif pou bati yon patenarya solid ki pral soutni tou de (2) nasyon yo. Kolaborasyon sa a espere pote benefis dirab pou devlopman Ayiti pandan li ranfòse lyen ki deja egziste ant peyi yo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page