top of page

Konsèy Elektoral Pwovizwa a Angaje nan Kolaborasyon Entènasyonal pou Ranfòse Pwosesis Elektoral la.

Nan premye aksyon yo, depi yo te antre an fonksyon jou ki te 18 Oktòb 2024 la, Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) fè konnen yo deja pran konesans dosye teknik enstitisyon an epi yo komanse reyini pou travay ak manm Komisyon Venice lan, nan Washington, avèk sipò Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA).


Kounye a, yon delegasyon KEP ki gen ladan prezidan an, Patrick Saint-Hilaire, vis-prezidant lan, Schnaida Adely, direktè egzekitif Max Délices, direktè operasyon elektoral Abbé Bernard, ak adjwen li Clément Jude Charles, ap patisipe nan yon pwogram obsèvasyon pou eleksyon ameriken yo nan Washington.


Dapre premye kominike KEP a pibliye, delegasyon sa a gen randevou ak plizyè ofisyèl ameriken, prezidan IFES, ak responsab USAID. KEP a fè konnen yo angaje yo pou asire yon pwosesis referandòm ak eleksyon ki transparan ak enklizif pou pèp la.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
Couldn’t Load Comments
It looks like there was a technical problem. Try reconnecting or refreshing the page.
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page