top of page

Konpayi Jet Blue jwenn 2 kò san vi anba yon avyon pandan enspeksyon aprè aterisaj.

Nan entèval 11 zè 30 konsa, nan lannuit lendi 6 janvye 2025 lan, yon teknisyen nan mentnans avyon an dekouvri pandan enspeksyon de (2) kò san vi nan «Train d'atterrissage» avyon an. Airbus A320 sila te soti nan peyi Jamayik, epi pran direksyon New York pou fè eskal avan l t al ateri Fort Lauderdale.


Jiska kounya, otorite yo poko rive idantifye   ni non, ni sèks viktim yo. An menm tan, rezon lanmò yo toujou rete yon mistè ki t a dwe devwale aprè rezilta Medsen lejis yo.


Konpayi Jet Blue bò kote pa l poko ka retrase ki jan de (2) moun sa yo ta fè pou gen aksè ak avyon an. Men konpayi a eksplike gen posibilite pou yo t a anbake depi peyi Jamayik oubyen New York pandan yo t ap fè eskal la.

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page