top of page

Komisyon Minisipal Kap Ayisyen Deklare Eta Dijans Anviwònmantal.

Komisyon minisipal Kap Ayisyen an pran  desizyon pou deklare tout komin  nan vil okap la an eta dijans anviwònmantal. Desizyon sa a fèt apre gwo lapli k ap tonbe nan dènye jou sa yo, ki lakòz gwo inondasyon, glisman teren, ak gwo domaj nan enfrastrikti enpòtan vil la.

Zòn ki pi frajil yo, sitou sa yo ki nan zòn anba mòn yo, pèdi anpil. Dizèn fanmi pèdi kay ak byen yo nan dlo, ki pote tout bataklan yo ale. Mete sou sa, divès wout enpratikab, sa ki izole kèk zòn, agrave kriz imanitè a k ap devlope.


Pou reponn ak sitiyasyon kritik sa a, Komisyon an deside mobilize tout resous ki disponib. Yon arete ki te pibliye pèmèt yo lanse operasyon sekou, relokalize sinistre yo, epi ranje enfrastrikti ki domaje yo. Anplis sa, yo prevwa akselere travay drenaj ak ranfòsman estrikti bidon vil yo, pou evite lòt dezas menm jan an ankò.


Inisyativ sa a montre yon angajman pou fè fas ak defi anviwònmantal Kap Ayisyen ap konfwonte yo, pandan l ap ankouraje yon repons ki kowòdone ak dirab pou pwoteje vil la ak sitwayen li yo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page