Kisa ki lakoz yon fi gen matris ba ?
- Konektem Tv
- 5 mars 2023
- 1 min de lecture
Dernière mise à jour : 8 juin 2023
Matris (Utérus) se kavite ki gen pou resevwa bebe a lè fi a ansent, ki diferan de vajen ki se kanal ki pèmèt relasyon seksyèl.
Ant 2 strikti sa yo gen yon bagay ki separe yo ki se kòl matris la, ke nou jwenn nan pati enferyè matris la.
Matris (utérus) ba ke nou toujou ap repete a, yo rele sa Pwolapsis nan langaj medikal la, ki se lè kèk ogann desann o nivo anndan vajen yon fi, gen plizyè tip Pwolapsis; lè se vesi a ki desann (sistosèl), lè se rektòm nan (rektosel) lè se matris fi a (istewosel).
Se istewosel la ki konsène nou jodi a la.
Kisa ki ka koze yon istewosel ?
(lè matris la relache desann nan vajen an).
Gendwa se ligaman ki kenbe matris la ki
relache e gen koz ki ka fè sa tankou fi ki fè anpil pitit, doule sa yo si se pa yon pwoblèm anatomik tankou ligaman ki relache.
Dèfwa se lòt koz tankou:
Fibwòm
Lezyon o nivo kòl matris
Enfeksyon Kwonik (ki la lontan)
Polip (ki se timè beniy)
Kis
Andometriyoz, elatriye...
Wi gen solisyon pou sa, sa depann de koz la ak grad Pwolapsis la, gen yon dispozitif ki rele Pese (pessaire) ki konn ede yo remonte ogann sa yo nan plas yo e gen tretman chirijikal tou ki bay bon rezilta.
Kredi: Exama Jean Rodrigue Junior
Comments