top of page

Kisa Èmafrodism lan ye ?

Dernière mise à jour : 8 juin 2023

Èmafrodism (L'hermaphrodisme) se yon fenomèn, yon kondisyon biyolojik ra kote yon moun fèt ak koulout epi chouchoun an menm tan. Pandan lontan, fenomèn sa a te mal konprann e moun ki konsa toujou sibi kritik ak move jijman, men jounen jodi a, gras avèk rechèch nan domèn medsin ak syans, nou kapab konprann pi byen fenomèm sa, bay rezon ki lakoz li epi bay kèk konsèy pou moun ki konsa.

Premye rezon ki konn fè yon moun fèt ak ni koulout ni chouchoun an mèmtan an, sa nou rele èmafrodit la, se faktè jenetik la: Èmafrodism ka koze pa defòmasyon kromozom yo, tankou prezans kromozom seksyèl ki pa nòmal yo, kromozom XXY, lè sa nou pral vin jwenn yon sendrom ki rele klinefeltè (Syndrome de klinefelter) oubyen absans kwomozom Y la, lè sa nou jwenn yon sendrom ki rele sendrom turner (syndrome turner). Konsa tou, chanjman jenetik yo ka koze malfòmasyon ògan yo tou, tankou ipospadyas (hypospadias), epispadyas (épispadias) ki se yon seri maladi, malfòmasyon ke nou jwenn nan kèk ògan ki anndan oubyen deyò peni yon gason.


Dezyèm rezon an se Faktè Òmonal yo:

Òmòn seksyèl yo responsab pou fè diferans nan ògan jenital yo lakay fètis kap devlope yo. Malfòmasyon nan pwodiksyon oswa resepsyon òmòn seksyèl yo ka lakoz ògan jenital maskilen oubyen feminen yo devlope twòp. Egzanp, sendrom ensansibilite ak androjèn yo (le syndrome d'insensibilité aux androgènes) anpeche kò yon moun reponn ak òmon gason, sa ki ka lakoz fòmasyon tout sa ki gen pou wè ak fanm nan ògan Jenital yo.

Depi nan tan lontan, te konn gen operasyon ki fèt pou pèmèt yon moun èmafrodit, viv ak 2 sèks yo oubyen rete ak yon sèl sèks. Operasyon sa yo te konn souvan fèt lè moun nan ti bebe oswa timoun, sa ki te konn koze gwo problèm twoub emosyonèl ak soufrans sitou lè moun sa vin gran. Jounen Jodi a, operasyon yo jeneralman rekòmande pou fèt nan laj adolesans oswa lè moun sa granmoun, e la ankò se si moun nan deside yo fèl operasyon an.


Yon moun Èmafrodit ka swiv tretman òmonal pou korije nivo òmon seksyèl yo, si li pa vle opere .Nan kèk ka, yon evalyasyon detaye de eta òmon ak kromozomik moun sa ka nesesè pou detèmine tretman ki nesesè pou li a.


Moun ki gen pwoblèm sa yo konn bezwen sipò Sikolojik pou ede yo fè fas ak konsekans emosyonèl ak sosyal nan eta yo.


 
 
 

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page