top of page

Kevin Farrell pran tèt Vatikan an atandan yon nouvo Pap.

Apre lanmò Pap François, se kadinal irlando-ameriken Kevin Farrell ki asire direksyon tanporè Vatikan an. Kòm kameleng, li gen misyon pou jere zafè abityèl Legliz Katolik la jiskaske yo eli yon nouvo Pap.


Farrell, ki gen 77 lane, se yon prelat ki gen anpil eksperyans. Li te sèvi kòm evèk Dallas Ozetazini, epi Pap François te mete l responsab Dikastè pou Layik, Fanmi ak Lavi an 2016. Li rekonèt pou vizyon modèn li, espesyalman nan ankouraje plis patisipasyon layik yo nan legliz la.


Malgre li te fè pati ekip ansyen achevèk Washington lan, Theodore McCarrick, ki te akize pou abi seksyèl, Kevin Farrell kontinye defann entegrite li, li di li pa t konnen zak sa yo.


Pandan peryòd tranzisyon sa a, li gen responsabilite pou asire estabilite Vatikan an, jiskaske konklav la chwazi yon nouvo chèf Legliz la.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page