top of page

Kenya ap voye yon ekip SWAT fanm an Ayiti.

Gouvènman Peyi Kenya konfime li pral voye yon ekip SWAT ki konpoze sèlman ak fanm pou patisipe nan Misyon Miltinasyonal Sipò Sekirite a, an Ayiti. Anons sa a te fèt pandan Premye Minis ayisyen Garry Conille te vizite sant polis nasyonal Kenya a nan dat ki te 12 oktòb 2024 la.


Polisyè sa yo, ki soti nan inite elit nan polis Kenya, te resevwa fòmasyon espesyalize nan Kolèj Polis Kenya. Y ap gen pou fè entèvasyon nan konbat zak vyolans gang yo epi pote plis sekirite nan zòn kote bandi simen plis latwoublay yo.


Premye Minis Conille remèsye Kenya pou angajman li nan ede pèp ayisyen an e li souliye enpòtans 600 ofisye sekirite k ap vini yo, ki pral kontribye nan tabli lapè ak sekirite nan peyi a.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page