top of page

Kèk bagay ou dwe konnen sou pwogram migrasyon kondisyonel la.

Dernière mise à jour : 8 juin 2023


Pou w kalifye nan pwogram migrasyon kondisyonèl la fòk ou gen yon sipòtè k ap viv Etazini ki ranpli yon Fòm 1-134A nan non w USCIS apwouve epi konfime. Fòk ou gen yon paspò ki pa ekspire epi ki valid pou vwayaj entènasyonal. Peyi ki kalifye yo se Kiba, Ayiti, Nikaragwa, oswa Venezyela.

Aksè nan pwosesis la gratis, ni sipòtè a ki abite Ozetazini an ni benefisyè ki rete an Ayiti a pa gen okenn lajan pou peye gouvènman ameriken an pou ranpli Fòm 1-134A a, pou yo konsidere yo pou Pwogram Assistans Migrasyon Kondisyonel la. Pou kalifye nan kad pwosesis la, benefisye a ak manm fanmi pwòch li yo pa dwe Ozetazini. Fòm 1-134A a ta dwe endike adrès fizik Aktyèl benefisyè a ki pa Ozetazini.

Yon sipòtè ka soumèt yon Fòm 1-134A apa pou chak benefisyè li aksepte sipòte yo. Byenke pa gen limit sou konbyen benefisyè yon sipòte ka dakò pou sipòte, USCIS pral detèmine si yon sipòtè gen kapasite finansye pou sipote tout benefisyè yo pandan peryòd migrasyon kondisyonèl la, ki ka rive jiska de (2) lane.

Yon ayisyen k ap viv nan yon lòt peyi kapab aplike pou Pwogram migrasyon kondisyonel la. Sepandan, y ap konsidere endividi sa Kòm inelijib pou pwogram nan si li gen rezidans pèmanan nan peyi sa, si li gen doub nasyonalite oswa si li gen estati refijye nan nenpòt lòt peyi.

Direksyon zafè imanite USCIS (HAB) nòmalman pran dezisyon sou demann migrasyon kondisyonèl yo sou 90 jou a konte lè yo resevwa yo. Si gen bezwen pou enfòmasyon anplis, tretman demann nan ka pran plis tan. HAB ap resevwa yon pakèt demann migrasyon kondisyonèl nan moman an. Malgre I ap eseye trete tout demann migrasyon kondisyonèl yo yon fason ki rapid epi efikas, ou sipoze mete nan tèt ou ke trètman sa ka dire plis ke 90 jou.

Sous: Ambassade des États-Unis, Port-au-Prince (Haiti)



Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page