JOUNEN ENTÈNASYONAL FANM 2025 POU TOUT FANM AK TIFI: DWA, EGALITE AK OTONOMI.
- konektem info
- 8 mars
- 2 min de lecture
8 mas se pa jis yon dat sou kalandriye a. Se yon moman pou nou sonje batay fanm yo, rekonèt kontribisyon yo epi mete aksan sou wout ki rete pou n fè, pou rive nan yon monn kote lajistis ak egalite ka taye banda: kote chak fanm ak tifi ka viv ak diyite, libète ak opòtinite.
Ane sa a, tèm selebrasyon an se «Pou TOUT Fanm ak Tifi : Dwa, Egalite ak Otonomi » yon revandikasyon pou nou kontinye mennen lit la jiskaske nou rive nan vrè chanjman an.
FANM, POTO MITAN CHANJMAN.
Pandan syèk avan yo, fanm yo te fòse fè wout yo nan yon monn ki souvan te vle fèmen pòt pou yo. Epi, malgre tout baryè yo leve, yo goumen, yo klere. Kit se fanm k ap dirije, kit se sila k ap travay tè, pwofesyonèl k ap inove, oswa manman k ap leve jenerasyon demen an, chak fanm pote yon fòs san parèy ki motive ak transfòme sosyete a.
« Fanm yo se pi gwo rezèv fòs lemonn genyen, men yo poko konnen sa.» Diane Mariechild
Lè nou pale sou koze fanm, nou vle eksprime rezistans. Se pa ti batay fanm mennen pou fè yo konn dwa yo jodi a, dwa pou vote, pou travay, pou jere lavi yo san restriksyon. Malgre anpil pwogrè fèt, gen anpil lòt batay ki rete. Twòp fanm toujou ap sibi vyolans, twòp tifi toujou ap pèdi chans yo genyen paske yo fèt nan yon kò fanm.
EGALITE AK OTONOMI, SE PA YON FAVÈ, SE YON DWA.
Lè nou bay fanm chans pou yo edike, pou yo jere resous yo, pou yo patisipe nan desizyon ki konsène nou chak, se pa yon favè nou fè fanm yo. Men pito yon kontribisyon san parèy nan fasilite devlopman sosyete n ap viv la. Lè fanm yo genyen, nou tout genyen.
«Ou se fanm, ou gen tout pouvwa pou w chanje monn nan.» Michelle Obama
Sa nou bezwen jodi a, se plis aksyon! Se pa ase sèlman pou di nou vle chanjman, nou dwe travay chak jou pou l fèt. Fanm yo merite plis pase bèl ti mo, yo merite jistis, yo merite opòtinite, yo merite respè.
YON ANGAJMAN POU KONTINYE LIT LA.
Jounen sa a, nou selebre chak fanm ki leve, chak fanm ki refize rete an silans, chak fanm ki kraze baryè yo mete devan l yo. Men nou pa ka limite tèt nou ak selebrasyon sèlman. Se yon angajman nou dwe pran chak jou: bay tifi yo bon egzanp, mete fanm nan pozisyon kote yo merite, epi detui tout prejije ki anpeche yo grandi.
«Yon fanm se tankou yon sak te: ou pa ka konnen fòs li jiskaske ou mete l nan dlo cho.» Eleanor Roosevelt
Se pou nou sonje: fòs fanm pa gen limit. Li se sous lavi, li se poto mitan chanjman. Jodi a, nou di mèsi pou tout fanm ki fè monn lan pi bèl, pi djanm, pi jis. Epi nou pwomèt nou p ap kanpe jiskaske chak fanm ak tifi jwenn plas yo merite.
Prezans nou konte! Nou se fòs! Nou p ap sispann avanse.
Comments