top of page

Jounalis Rudy Thomas Sanon ekri ULCC pou mande louvri yon ankèt sou jesyon Gamal nan tèt TNH.

Animatè emisyon « Se Sa Nou Vle a » , Rudy Thomas Sanon, ekri direktè Jeneral Inite Lit Kont Koripsyon an (ULCC), Hans Ludwig Joseph, nan lide pou solisite enstitisyon an pou louvri yon ankèt sou jesyon Gamal Augustin nan tèt Televizyon Nasyonal Ayiti (TNH). Jounalis sila a kwè mesye Augustin enplike nan kraze TNH la. Pandan yon emisyon, Rudy Sanon pase videyo kèk espas nan Televizyon an ki pa nan yon bon eta.


Korespondans sa fè suit ak yon petisyon Rudy Sanon te lanse sou Team Rudy a nan dat lendi 17 fevriye. Petisyon sila a ki mande ULCC pou tanmenm yon ankèt kont Koripsyon sou jesyon Gamal. Yon inisyativ ki gen rasanble 6 637 siyati. N ap raple Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) , semèn pase a te soti yon dekrè ki mete yon komisyon nan tèt Televizyon Nasyonal la pou estriktire l, pami manm komisyon an KPT mete ansyen Direktè Jeneral la Gamal Augustin.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page