top of page

Jèn nan Komin Gwomòn leve kont prezans Gracia Delva nan fèt patronal yo.

Yon vag mobilizasyon san parèy ap souke komin Gwomòn, kote jèn yo lanse yon petisyon pou anpeche ansyen senatè sanksyone, Gracia Delva, patisipe nan fèt patronal « Marie La Chandeleur », ki fikse pou 2 fevriye 2025.


Tèks petisyon an, ki sikile anpil sou rezo sosyal yo, di klèman : « Senatè Grasya Dèlva kòm sipòtè gang,  p ap vin pyafe nan komin Gwomòn 2 fevriye 2025. » Dapre inisyatè yo, Delva ta enplike nan sipòte gang ame nan zòn Latibonit. Yo raple tou, an 2023, lajistis Kanadyen te sanksyone li pou sipò finansye ak lojistik li ta bay gang yo, akizasyon ki soti depi 2019, lè konvèzasyon telefonik li ak chèf gang Anel Joseph te vin piblik.


Plizyè òganizasyon, tankou COJEUGA (Kolektif Jèn Gwomòn an Aksyon) ak lòt gwoup tankou Génération Za ak Sant Kiltirèl Yaya Mazandou, ap soutni mouvman sa a. Aksyon tankou konferans pou laprès, deba piblik, ak sit-in deja anonse pou ranfòse presyon sou otorite yo. Lidè angaje tankou Dieuné Racine ak Ashmeny Louis ap fè tande vwa yo kont enpinite pandan y ap defann valè kominote a.


Pou popilasyon Gwomòn, fèt « Marie La Chandeleur » se yon okazyon inite ak fyète kiltirèl. Yo wè prezans Gracia Delva kòm yon menas pou entegrite evènman sa a. Nan yon kominote ki chèche jistis ak sekirite, mesaj jèn yo klè : yo pa pral tolere okenn figi kowonpi nan evènman ki gen pou wè ak idantite ak valè yo.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page