top of page

Gè Izrayèl kont Gaza: Kolonbi koupe relasyon diplomatik li ak pèp juif la.

Prezidan Kolonbyen an Gustavo Petro anonse mèkredi 1e me a anonse pa gen okenn relasyon diplomatik ant Bogota ak Jerizalèm ankò apati Jedi 2 me 2024. Anons sa vin nan moman li t ap pran lapawòl nan yon rasanbleman sou plas Bolivar nan Bogota.


Premye sitwayen kolobyen kritike fason Leta Ebre a ap jere lagè Gaza a, li kalifye de "jenosid" lagè Izrayèl ap mennen kont Palestinyen yo.

Aprè plis pase 200 jou lagè selon Ministè Sante Palestinyen an, gè sa deja lakoz lanmò plis pase 34,000 moun. San konte moun ki blese ak byen ki disparèt.


Bolivi, vwazen rejyonal Kolobi, te deja koupe relaston diplomatik ak Izrayèl ane pase pou "krim kont limanite ki fèt kont pèp palestinyen an" aprè lagè a ant Izrayèl ak Hamas.

Commentaires

Noté 0 étoile sur 5.
Pas encore de note

Ajouter une note
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page