top of page

Gwo Tanpèt Nèj Frape Etazini : Anilasyon Vòl, Lekòl fèmen ak Pàn Elektrisite.

Yon gwo tanpèt nèj devaste plizyè eta nan Etazini, tankou Washington, Virginia, Maryland, Ohio, Missouri, ak Indiana. Tanpèt sa a deja lakòz anilasyon plis pase 1600 vòl  atravè peyi sila.


Nan Washington, D.C., tout lekòl fèmen, sa fè paran yo blije kenbe timoun yo lakay. Mete sou sa, plizyè santèn milye kliyan, soti nan Missouri rive Virginia, pa gen kouran lakay yo. Nan Washington, Eta dijans ki te deklare a kontinye rete an vigè jiska nouvèl dat, pandan tout biwo federal yo fèmen.

Anpil lòt sèvis piblik frape tou. Nan mitan kriz la, USCIS te fèmen kèk biwo, kote responsab yo mande moun ki te gen randevou pou pa deplase san yo pa jwenn konfimasyon davans.


Tanpèt sa a relanse diskisyon sou preparasyon nan nivo nasyonal pou fè fas ak kondisyon klimatik ekstrèm.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page