Gwo Dife Eklate nan yon forè Los Angeles lakoz anpil Dega.
- konektem info
- 8 janv.
- 1 min de lecture
Nan lannwit 7 pou louvri 8 janvye 2025, yon flanm dife anvayi plizyè zòn nan Los Angeles, Kalifòni, fòse plizyè milye moun kite kay yo. Dife sa yo te konsantre nan twa zòn prensipal: Palisades, nan lwès Los Angeles, Eaton, nan nò Pasadena, ak Hurst, ki sitiye nan Vale San Fernando.
Otorite yo rapòte anviwon 155000 abitan te resevwa lòd evakyasyon, pandan plis pase 400000 moun te rete nan blakawout akoz enpak dife yo. Kondisyon metewolojik kote tan an sèk epi gwo van fò te fè pwopagasyon dife yo pi rapid ak pi danjere. Tanperati a, ki te monte jiska 22.8 °C, ansanm ak yon imidite ki desann a 29%, te kreye yon anviwònman favorab pou dife a gaye san kontwòl.
Plizyè dizèn milye kay ak estrikti deja afekte, pandan evalyasyon domaj yo ap kontinye. Ekip ponpye yo ap travay san pran souf pou konbat flanm dife yo, men travay la rete difisil akòz van fò ki depase 25.9 km/h. Nan moman sa a, pa gen enfòmasyon sou viktim yo, men gen yon gwo enkyetid pou sekirite moun ki nan zòn ki frape yo.
Otorite lokal yo ak sèvis ijans yo mande popilasyon an pou yo respekte enstriksyon evakyasyon yo pandan y ap kontinye fè tout jefò pou kontwole kriz sa a. Abitan yo ankouraje pou yo rete enfòme atravè tout sit, media oswa paj ofisyèl yo, pandan sitiyasyon an ap devlope.
Atansyon monn nan vire sou Los Angeles pandan kominote lokal yo fè fas ak yon lòt trajedi ki mete lavi ak byen nan gwo danje.
Comments