top of page

Gwo Dife Eklate nan Mache Chada ki twouve l nan Petyonvil.

Ayè dimanch 5 janvye 2025 lan, nan apremidi, yon gwo dife eklate nan mache Chada, ki chita kò l nan Petyonvil. Dapre premye enfòmasyon yo, dife a te kòmanse nan yon kontenè ki te sèvi kòm boutik, epi pwopaje ak vitès nan lòt pati nan mache a.

Pou kounye a, orijin egzak eklatman dife a poko anonse, epi otorite yo poko fè okenn deklarasyon ofisyèl sou sa. Sepandan, otorite lokal yo, ansanm ak ponpye yo, te reyaji rapidman pou kontwole flanm dife yo epi limite dega yo. Entèvansyon yo te anpeche dife a pwopaje nan lòt estrikti ki toupre yo, men sa pa anpeche gen anpil pèt ki deja rapòte.


Ensidan sa a relanse deba sou kondisyon sekirite nan mache piblik yo an Ayiti, kote enstalasyon ki pa solid ak mank mezi prevansyon pa sispann ogmante risk pou gen dife devastatè. Anplis, gen diskisyon ki parèt sou rezo sosyal yo, kote kèk moun fè konnen yon pwofetès te predi dife a kèk minit anvan li te rive, sa ki soulve kesyon sou verite ki kache dèyè l oswa konplisite nan prediksyon sa a.


Pou kounye a, otorite yo ap evalye an gwo tout dega materyèl yo ak posiblite pou gen moun ki viktim. Anpil machann pèdi machandiz yo, malgre prezans ponpye ki te sou plas.

コメント

5つ星のうち0と評価されています。
まだ評価がありません

評価を追加
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page