Gwo atak dròn nan Bon repo: Cassandra Makèt pran dife.
- konektem info
- 4 avr.
- 1 min de lecture
Zòn Bonrepo leve anba chòk maten an aprè plizyè atak dròn ki fè anpil dega. Youn nan kote ki pi frape se Cassandra Market, yon gwo makèt ki, dapre sa popilasyon an rapòte, se pou yon nonm yo rele Titi li ye. Makèt sa pa t sèlman yon espas komèsyal: li te tounen yon pwen estratejik pou gang k ap opere nan zòn Kanaran.
Plizyè temwen rapòte gang yo konn itilize Cassandra Market kòm kote pou yo "kale chèlbè" — sa vle di detann, pase tan, ak fè makèt. "Pa gen yon sèl jou ou pase pa devan Cassandra Market pou w pa wè li plen ak nèg ak zam," yon abitan zòn nan deklare anba kouvèti anonim.
Jiskaprezan, pa gen bilan ofisyèl sou kantite viktim oswa kantite pèt materyèl yo, men temwen yo pale sou yon sèn dezolasyon: flanm dife, debri, ak moun k ap kouri chape pou l yo. Sitiyasyon an rete tansyonnen pandan otorite yo poko fè okenn deklarasyon konsènan misyon sa fòs lòd yo t ap mennen.
Comments