top of page

Djoulie mande Guy Wewe eskiz Nan yon "Live" ki anonse Lansman Produit Rutshelle la ki se "RG Glow".

Aprè gwo chòk ki te genyen ant de (2) pèsonalite piblik sila yo, kote animatè Guy Wewe te menm rive deklare l p ap resevwa atis Djoulie nan Show li, Djoulie pa t rete bouch Be, epi te pwofite reponn Guy Wewe. Yon tansyon ki te fè de (2) pèsonalite piblik sila yo te parèt tankou de (2) gwo ènmi nan endistri Mizik Ayisyèn nan.


Men, nan yon "Live" ki te anonse lansman pwodui chantèz ayisyèn entènasyonal, Ruth Guillaume, jou ki te jedi 12 desanm nan, nan Blondedy Ferdinand Shop ,  Djoulie rive mande Guy Wewe padon akòz fason l te konn ap trete l sou rezo sosyal yo. Guy Wewe bò kote pa li, fè konnen li pa t janm konsidere Djoulie kòm lènmi, men li te jis gen liy pa l l ap suiv, ki makonnen ak valè moral li. Yon jès Blondedy Ferdinand t ap ankouraje epi k rive fè fanatik mizik ak entènot yo kontan, ki voye yon bèl mesaj rekonsilyasyon ak tèt ansanm bay sosyete ayisyèn nan, nan yon moman kote peyi a ap konnen pi move jou l.


Padon, rekonsilyasyon ak tèt ansanm se ansanm zouti fondamantal ki pèmèt gwo kolaborasyon ak gwo kreyasyon rive fèt nan tout domèn, sou tout ang, sitou nan endistri mizikal la. Se yon dimansyon mounite ki voye pi bèl imaj toujou lè y ap prezante Ayiti.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page