top of page

GTC remèt rapò sou revizyon Konstitisyon Ayiti a.

Gwoup Travay sou Konstitisyon (GTC), ki te anba direksyon ansyen depite Pétion-Ville la, Jerry Tardieu, remèt vandredi 3 janvye 2025 lan, yon rapò final bay sekretarya teknik Komite Pilotaj Konferans Nasyonal la pandan yon seremoni ki fèt nan Pétion-Ville. Rapò sa a make yon etap enpòtan nan jefò pou revize Konstitisyon 1987 la, ki te deja amande an 2011, anba administrasyon Michel Joseph Martelly.


Jerry Tardieu te fè konnen dokiman sa a baze sou pwopozisyon plizyè sektè nan sosyete a ansanm ak pati politik yo, ki te kolabore pandan twa (3) mwa pou rive jwenn yon konsansis. "Nou depoze dokiman sa a ak yon santiman devwa akonpli," se sa li te deklare pandan seremoni an.


Rapò sila a mete aksan sou twa priyorite:

Òganizasyon Yon wonmble nan depatman yo: Pou pèmèt tout aktè, menm nan zòn ki pi lwen yo, patisipe nan pwosesis la.


Kreye yon Asanble Konstitiyan: Yon gwo pati nan sektè yo mande yon asanble espesyal pou travay sou tèks final la anvan yon vòt referandòm.


Rezoud kriz politik aktyèl la: GTC a te ensiste sou yon jefò pou revize konstitisyon la epi mande yon solisyon klè sou enpas politik peyi a ansanm ak amelyorasyon sekirite.


Sekretè egzekitif Komite Pilotaj la, Dr Louis Pierre Naud, felisite travay GTC fè a, pandan li pwomèt  tout rekòmandasyon ki nan rapò a pral konsidere ak anpil atansyon. Li ankouraje kontinye ak wonmble a nan Gran Nò, Gran Sid, ak nan dyaspora a, pou amelyore dokiman an.


Rapò sa a make yon angajman fò pou reyalize yon nouvo Konstitisyon ki reponn ak reyalite sosyete Ayisyèn nan, yon etap esansyèl pou ranfòse demokrasi ak estabilite peyi a.

留言

評等為 0(最高為 5 顆星)。
暫無評等

新增評等
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page