top of page

Gras ak DDE Nò a plis pase 4,600 elèv benefisye pwogram klas konpansasyon aprantisaj la.

Depi kòmansman mwa jen, Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE) Nò ofri plis pase 4,600 elèv 9yèm ane fondamantal ak segondè 4 klas konpansasyon gratis pou ratrape pwogram lekòl yo.


Klas yo fèt nan 12 lise, pami yo Lise Dutty Boukman ki gen 1,220 elèv, Lise Nasyonal Pilat gen anviwon 664 elèv, Lise Nasyonal Plezans ak 565 elèv. Pwogram sa a se yon apwòch tou nèf ki ranplase kou ratrapaj tradisyonèl yo.


Anplis DDE Nò a, prèske 80,000 elèv nan 45 sant nan tout peyi a benefisye de klas konpansasyon sa yo. MENFP fè konnen klas yo fèt lendi rive vandredi pou ede elèv yo reyisi, kèlkeswa si yo soti nan lekòl piblik oswa prive.

コメント

5つ星のうち0と評価されています。
まだ評価がありません

評価を追加
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page