top of page

Gouvènman an anonse l ap finanse pwofèsè leta yo ak yon katòzyèm mwa salè pou rantre lekòl 2024-2025 la.

Ministè Kilti ak Kominikasyon (MCC) anonse, atravè yon rapò ki sòti nan Sèvis Delegasyon Ministè Ekonomi ak Finans (MEF), pwosesis pèyman katòzyèm mwa salè a, ki te pwomèt bay fonksyonè leta yo pou rantre lekòl 2024-2025 la, ap kontinye avanse selon kalandriye ki fèt pou sa a.


Rapò MEF la fè konnen, pami 102 200 chèk ki dwe enprime pou pwogram nan, 86 245 chèk deja distribye. Sa reprezante 84% nan objektif total la, yon avans ki konfime fonksyonè leta yo ka espere resevwa lajan yo nan bon moman an. MCC deklare tou pwosesis trètman salè pou mwa oktòb la ap kòmanse touswit apre tout chèk katòzyèm mwa a fin distribye, sa ki vize pou fè jesyon pèman an pi efikas epi satisfè bezwen anplwaye leta yo pi vit posib.


Pèyman anplis sa a fè pati plan sipò gouvènman an, k ap chache ede anplwaye piblik yo nan moman enpòtan sa a pou rantre lekòl la.

Comentarios

Obtuvo 0 de 5 estrellas.
Aún no hay calificaciones

Agrega una calificación
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2024

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page