top of page

Garry Conille Vizite Lopital Bernard Mevs pou Sipòte Polisye Blese yo.

Premye Minis Garry Conille akonpaye ak Direktè Jeneral Polis Nasyonal Dayiti, Normil Rameau, vizite lopital Bernard Mevs vandredi ki te 9 dawout la pou evalye kondisyon swen yo bay polisye ayisyen ki blese pandan yo t ap fè travay yo. Objektif vizit sa a te asire polisye yo resevwa swen apwopriye daprè estati yo.


Nan kominike Biwo Primati a, Premye Minis la te afime ankò angajman li pou ranfòse sèvis asirans sante pou polisye ayisyen yo. Li te pwofite okazyon sila a pou vizite polisye ki entène nan lopital la, epi verifye kalite tretman yo resevwa.


Premye Minis Conille te eksprime satisfaksyon li pou nivo swen yo bay polisye yo ak fanmi yo, epi li te remèsye tout patnè k ap soutni Polis Nasyonal Ayiti a. Li ensiste sou nesesite pou amelyore swen ak sipò y ap bay polisye ki riske lavi yo chak jou pou pwoteje popilasyon an.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page