top of page

Gang Ame ap simen Laterè nan Village Théodat.

Jodi 9 janvye 2025 lan, sitiyasyon an vin pi grav nan Vilaj Théodat, yon katye ki nan komin Tabarre, kote rezidan yo rete de (2) men nan tèt, apre bandi ame gaye nan zòn nan. Dapre temwayaj yo, kriminèl sa yo  kouri chape anba afwontman ak Polis Nasyonal Ayiti (PNH) epi al refijye nan vilaj la. Bandi sila yo dezame ajan sekirite yo ki te  nan baryè prensipal la epi kenbe zam yo, sa ki mete tout kominote a nan yon sitiyasyon ensekirite total.


Abitan yo, ki pa gen okenn lòt chwa, lanse yon apèl dezespwa pou fòs lòd yo. Yo denonse mouvman endividi ame k ap mache lib nan vilaj la, menase lavi yo ak pwopriyete yo. Plizyè temwayaj sou teren an fè kwè PNH la manke mwayen oswa kapasite pou fè entèvansyon avèk efikasite pou reprann kontwòl sitiyasyon an.


Kriz sa a rive nan yon kontèks vyolans k ap ogmante nan kapital Pòtoprens. Nan mwa oktòb 2024, Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) te rapòte ke plis pase 10,000 moun te fòse kite lakay yo nan Solino ak Tabarre akòz eskalad atak gang yo. Malgre jefò PNH ak sipò Misyon Sipò Sekirite Multinasyonal la (MSS), anpil zòn rete anba kontwòl gang yo. Rezidan yo ap mande yon entèvansyon dirab ki ka pote estabilite nan vilaj yo ak tout peyi a.


Fas ak sitiyasyon sa, anpil moun ap mande yon aksyon rapid avèk sipò kominote entènasyonal la, pou palye kriz sekirite sa a ki kontinye konplike lavi chak Ayisyen, chak jou pi plis.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page