top of page

Gè Risi-Ikrèn : Sèvis Sekirite Larisi arete yon abitan 30 lane nan vil Feodossia pou Trayizon.

Depi lendi 7 oktòb la, lame Ikrèn nan tire yon misil sou yon Tèminal Petwolye nan vil Feodossia. Yon nouvèl wo Etamajò lame Ikrèn nan konfime, pandan lòt bò Larisi pa rive demanti. 5 jou aprè, Sèvis Sekirite Ris la (FSB) arete yon abitan 30 lane, moun lavil Feodossia kote idantite l poko revele. FSB akize abitan sa t a pataje ak Ikrèn enfòmasyon sou lokalizasyon bato ris ki nan vil Féodossia ak foto kèk sit militè ris pa mesaj Telegram. Enfòmasyon sa yo t a krisyal pou pèmèt frap ikrèn yo gide sou Larisi.

Majistra vil Feodossia a Igor Tkatchenko konfime dife a poko fin etenn men sitiyasyon an anba kontwòl otorite konpetan yo. Plis pase 1 100 moun ki rete ozalantou Tèminal la deja evakye pou al refijye yo yon lòt kote.

Comentários

Avaliado com 0 de 5 estrelas.
Ainda sem avaliações

Adicione uma avaliação
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page