Gè Risi-Ikrèn: Donald Trump deklare Poutine aksepte pou kòmanse negosiyasyon pou yon cessez-le-feu…
- konektem info
- 12 févr.
- 1 min de lecture
Prezidan Donald Trump, ki te pwomèt pou mete yon bout nan gè ant Risi ak Ikrèn nan, kontinye antame demach pou kenbe pwomès sila a. Donald Trump anonse jodi mèkredi 12 fevriye a, nan Mezon Blanch devan plizyè jounalis, omològ li Vladimir Poutine t a aksepte pou kòmanse negosiyasyon ak Ikrèn pou yon Cessez-le-feu rapid rapid.
Prezidan meriken an Trump fè anons sila a aprè yon apèl telefonik ak prezidan Ris la, Poutine. « Li (Poutine) gen pou vin pa bò isit, mwen gen pou rann li vizit tou. Men premye rankont nou an ka fèt nan peyi Arabisawoudit » .
Chef Leta ameriken an kwè nan yon Cessez-le-feu nan yon ti tan ki pa twò long, epi kwè entegrasyon Kiev nan OTAN pa reyalis. N ap raple lagè sila ap genyen 3 lane nan douz (12) jou ankò.
Comentários