Franck Étienne Travèse : Yon Potorik Sèvo tonbe.
- konektem info
- 20 févr.
- 1 min de lecture
Jodia 20 fevriye 2025 lan, Literati ayisyen an pèdi youn nan pi gwo poto mitan li yo, Franck Étienne, ki kite nou nan laj 88 lane. Ekriven, powèt, dramatij, pent, mizisyen, chantè, ak pwofesè, li te yon motè kreyatif ki make plizyè jenerasyon ak talan eksepsyonèl li.
Fèt 12 avril 1936 nan Ravine Sèche, nan Latibonit, Franck Étienne, nan non Konplè l Jean-Pierre Basilic Dantor Franck Étienne d'Argent, te kòmanse ekri depi byen bonè. Li te fonde mouvman espiralis ak Jean-Claude Fignolé ak René Philoctète.
Nan 1975, li te pibliye "Dezafi", premye woman an kreyòl ayisyen, yon gwo etap nan listwa literati nou. Anplis, li te ekri plizyè liv tankou Les Arbres Musiciens ak La Scène et le Geste, kote li te abòde reyalite sosyal, politik ak kiltirèl Ayiti.
Franck Étienne pa t sèlman yon ekriven, men tou yon entelektyèl angaje. Li te sèvi kòm Minis Kilti pandan prezidans Leslie F. Manigat epi li te resevwa tit Komandè nan Atizay ak Lèt an 2010. Nan 2021, Akademi Franse te onore li ak Gran Pri Frankofoni pou kontribisyon li nan literati ak lang franse a.
Franck Étienne se pa t sèlman yon otè men tou yon konsepsyon k ap viv nan memwa nou. Li itilize mo l yo pou reveye konsyans, frape fo lidè, epi mete Ayiti sou twal reyalite l. Jodi a, eritaj li rete vivan nan liv li yo, nan atizay li, epi nan lespri tout jenerasyon k ap suiv tras li.
Konekte M ap prezante kondoleyans li bay fanmi, zanmi, ak tout moun ki te gen chans kolabore ak li. Ayiti pèdi yon trezò, men lespri l ap kontinye klere.
Comments