top of page

Forbes ak Beverage Testing Institute klase «Rhum Barbancourt» pami 10 pi bon wonm nan mond lan pou lane 2024 la.

Rhum Barbancourt, yon veritab trezò kiltirèl ayisyen,  pran yon gwo distenksyon entènasyonal. Konpayi ki prezante tèt li kòm « Le Rhum des connaisseurs» a klase  pami 10 pi bon wonm nan mond lan pou ane 2024, dapre Forbes ak Beverage Testing Institute. Rekonesans sa a mete aksan sou ekselans ak otantisite yon mak ki senbolize rezistans ak konpetans Ayiti.


Depi fondasyon li an 1862, Barbancourt pa sèlman yon antrepriz, li reprezante yon eritaj fanmi ki pase de yon jenerasyon rive nan yon lòt. Avèk yon pwodiksyon ki fèt ak kann lokal, wonm sa a toujou respekte estanda kalite ki fè l renome atravè lemonn.


Nan yon kontèks kote Ayiti ap fè fas ak gwo defi sosyal ak ekonomik, Barbancourt raple tout moun fòs ak kapasite pèp ayisyen pou leve tèt yo, pandan y ap kenbe richès kiltirèl yo.


Klasman Rhum Barbancourt nan mitan pi bon yo se pa sèlman yon lonè pou mak la, men tou yon fyète pou Ayiti toutantye. Rekonesans sa a montre kijan yon pwodui lokal ka briye sou sèn entènasyonal, pandan l bay lespwa ak fyète pou yon nasyon k ap chèche chimen devlopman l.

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page