Fabrice Rouzier Pote Plent Kont Burna Boy ak Joé Dwèt Filé pou Vyolasyon Dwa Dotè sou Mizik "Je Vais".
- konektem info
- 25 avr.
- 1 min de lecture
Mizisyen ayisyen Fabrice Rouzier pote plent devan tribinal kont atis nijeryen Burna Boy ak chantè fransè-ayisyen Joé Dwèt File pou vyolasyon dwa dotè. Dapre sa laprès rapòte, li akize yo dèske yo itilize mizik li a ki rele “Je Vais” san okenn otorizasyon.
Se magazin Peoples Gazette nan peyi Nijerya ki veyikile nouvèl la. Mizik “Je Vais” a, ki soti depi nan ane 2002 kòm pati nan pwojè Ayiti Troubadou, se youn nan konpozisyon emblematik Rouzier te fè ansanm ak Keke Belizaire. Se sou baz sa Joé Dwèt File ta lanse mizik “4 Kanpe” an 2024, epi kontinye ak yon lòt vèsyon ki pote non “4 Kanpe II” ansanm ak Burna Boy nan mwa mas 2025.
Malgre Rouzier te voye yon avi legal pou mande atis la sispann itilize mizik la, mizisyen yo te kontinye ak pwojè a. Nan plent li, Rouzier di li pèdi lajan, opòtinite pwofesyonèl, epi li mande pou tout materyèl ki gen rapò ak vyolasyon an sispann sikile. Li mande tou tribinal la pou l akòde li domaj moral, frè legal, epi mete entèdiksyon sou itilizasyon non li, mizik li, ak pèsonalite li nan sa ki gen rapò ak “4 Kanpe”.
Ka sa a mete limyè sou enpòtans respè dwa dotè nan endistri mizik la, espesyalman lè mizisyen ayisyen ap chèche proteje patrimwàn kiltirèl yo.
Kommentarer