Examhaïti : Yon nouvo zouti dijital pou elèv ak etidyan an Ayiti.
- konektem info
- 5 mai
- 1 min de lecture
Depi 10 avril 2025, elèv ayisyen k ap prepare pou egzamen ofisyèl yo jwenn yon gwo soulajman: yon platfòm gratis sou entènèt, Examhaiti.com, vin mete a dispozisyon yo plizyè santèn tès pou yo pratike. Inisyativ sa a se kreyasyon Marco Azèd, yon enjenyè enfòmatik ki di li vle bay edikasyon yon lòt souf.
Sou sit la, itilizatè yo jwenn egzamen ofisyèl pou 9yèm ane fondamantal, bakaloreya, epi menm konkou admisyon pou rantre nan Inivèsite Leta Ayiti (UEH). Azèd fè konnen deja gen 400 egzamen ki telechajab, epi ekip li a ap travay pou mete tout egzamen ki soti 2010 rive jiska jodi a.
Pandan sèlman kèk semèn, platfòm lan deja fè bri: 227,000 vizitè fè koudèy sou li, ak 27,000 moun ki sèvi ak li regilyèman. Daprè Marco Azèd, li swete Examhaiti.com vin pi gwo sant referans pou tout elèv ak etidyan ki vle prepare egzamen yo ak efikasite.
Comments