Etazini toujou Kenbe Angajman l nan Sipòte Misyon Sekirite a an Ayiti.
- konektem info
- 6 févr.
- 2 min de lecture
Malgre divès enfòmasyon ki t ap sikile sou yon posib sispansyon sipò ameriken pou MMSS la, Anbasad Etazini an Ayiti konfime Washington pa sispann ak sipò l ap bay Misyon Miltinasyonal Sipò Sekirite a (MMSS). Olye sa, gouvènman ameriken an kontinye bay soutyen finansye ak lojistik pou misyon an ak pou Lapolis Nasyonal Ayiti (PNH).
Dapre Depatman Deta Ameriken, gen pase 40,7 milyon dola ki debloke pou sipòte baz operasyon misyon an, gadmanje ak antretyen veyikil yo, sèvis medikal pou polisye yo, epi transpò pou livrezon ekipman ameriken. Otorite ameriken yo asire sipò sila yo fèt ak asistans ekspè pou ranfòse kapasite PNH la. Anplis sipò finansye sa a, Washington voye lòt materyèl lou ak machin blennde ann Ayiti, pou ogmante kapasite operasyonèl fòs sekirite yo fas ak menas gang yo.
Malgre Nasyonzini deside sispann 13,3 milyon dola ki te ale nan Fon Afektasyon Espesyal ONU a, kantite sa a se sèlman 3 % nan total lajan Etazini ap depanse pou sipòte MMSS. Sa vle di majorite finansman otorite ameriken yo rete entak epi kontinye ale dirèkteman bay misyon an ak PNH.
Malgre tout èd sa yo, sitiyasyon an sou teren an rete kritik. Bandi yo kontinye ap sèvi ak lari kòm teritwa yo, pandan y ap pibliye videyo sou rezo sosyal pou fè menas san okenn konsekans. Daprè temwayaj plizyè sitwayen, pandan bandi ap fè fèt anplis kidnapin ak zak vyolans, kèk sòlda misyon an pase plis tan ap jwe baskètbòl, olye yo mete presyon sou gang yo.
Si Washington ak lòt patnè entènasyonal yo vle vrèman amelyore sekirite ann Ayiti, anpil moun panse aksyon yo dwe pi konkrè sou teren an, olye yo ret sèlman sou deklarasyon finansman ak livrezon ekipman.
Comments