top of page

Etazini pral enprime 3 Milyon liv akademik pou elèv ki nan peyi Ikrèn.

Etazini anonse lendi 24 la y ap bay èd pou enprime "plis pase twa milyon manyèl pou elèv lekòl primè an Ikrèn," dapre yon kominike. Liv sa yo ap pwodui an Ikrèn epi distribye nan plis pase 12,000 lekòl.


Jake Sullivan fè sonje nan fen me, yon atak Larisi te detwi youn nan pi gwo enprimri an Ewòp, ki chita nan Kharkiv, yon vil nan nòdwès Ikrèn, Moskou konsidere kòm yon sib prensipal. Enprimri nan Kharkiv yo, ki anpil nan yo paka fonksyone akòz frap Ris yo. Enmprimri sa pwodui yon pati enpòtan nan tout liv an Ikrèn, pami yo manyèl lekòl yo.


"Nan atake enprimri sa yo, Larisi atake sistèm lekòl Ikrenyen an. Nou pap kite yo reyisi," deklare Sullivan, ki se youn nan fonksyonè ki pi enpòtan nan La Mezon Blanch.


Etazini se premye founisè èd bilateral pou Ikrèn depi envazyon peyi a pa Larisi nan mwa fevriye 2022.

Comentários

Avaliado com 0 de 5 estrelas.
Ainda sem avaliações

Adicione uma avaliação
LE PLAZA HOTEL.png
shekina_.png
MD.png
NINA.png
Blue Skies

Rantre nan kominote nou an depi jodi a epi kòmanse vwayaj ou nan dekouvèt ak aprantisaj ak konekte m.

Mèsi paske w anrejistre !

renamel.jpg

Copyryright ©KONEKTE M MEDIA. All rights reserved 2025

(509) 3122 3337

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram
  • TikTok
  • Youtube
bottom of page